In this project, we have created our personal memoirs in both English and our native languages. To share our work, we have uploaded a written and oral version so that many people can enjoy our work!

The work presented is still in draft form, and we will continue to improve the quality of our work through the feedback and questions provided by readers/listeners! Please comment with compliments, suggestions and questions for us.

[All names have been changed to protect student privacy and all comments will be moderated by school staff.]


Catherine (Haiti, Age 15): Haitian Creole 131


Record and upload audio >>
Elo non mwen se Catherne  epi sa se memwa mwen le mwen tap viv Ayiti poum vin Ozeta Zini. Mwen gen 16 zan mwen sot Ayiti e mwen se yon jen ti gason ki te leve Ayiti nan yon vilaj an Ayiti ki te rele “Leyogann”. Nan vilaj mwen an te gen gwo kay epi mwen te rete nan yon gwo kay tou. Men sonje 12 janviye 2010 apre tranbleman de te ki te pase an nayiti an tout kay te kraze menm kay pam kote mwen te rete an te kraze tou. men kounya fanmim yo te met ansanm yo te bati yon kay sou menm plas kote lot kay lan te ye an, jis poun te ka rete, men te gen kay zanmim nan ki te bo lakay mw an ke kay pa yo a pat kraze le tranbleman de te an. Men kounya nan vilaj mwen an gen twop fatra nan lari yo, twop moun ap joure nan lari, epi twop bri nan nwit le moun ap domi, epi tou twop moun sal avek mandyan nan lari yo.


  Akode de memwa Xiaojun nan, mwen te jis rete yon ti jan diferan de jan Xiaojun te konn rete an Chin. Paske nan vilaj mw an moun te gen televiziyon lakay yo, menm mwen menm mwen te gen televiziyon lakay mwen tou lem te ayiti. Nou te konn gad tele le gouvennman an bay kouran selman paske yo te plis konn bay kouran an preske le nan nwit, oubyen le nou pa gen kouran nal gade tele nan sinema, nan sinema a yo selman itilize batri machin pou yo ka chaje telefonn avek pou yo pase fim, men tout moun dwe peye pou yo ka gade fim oubyen chaje telefon tou, e se konsa mw te konn viv ayiti anvan mw te vin Ozeta zini.
Samedi 10 septanm 2011 se t jou mw te vin Ozeta zini avek papam, epi yon ti sem. Nou se te sel moun ki ta pral ozeta zini, epi premye kote nou te ale an se te “Waconia” yon kote nan Minnesota ki vreman bel men nou te selman rete la jis pou yon mwa edmi, mwen te toujou al lekol epi mwen te gen anpil zanmi nan lekol la non lekol la se “Clear Water Middle School”. Men pandan nou te Minnesota an nou te konn al anpil kote, tankou kay zanmi bel mem nan, nan mol lan epi legliz chk dimanch, an menm tan an tou nou gen anpil plezi. Men pandan mwen menm ak sem nan te lot bo an papa m te vin New York poul te vin vizite matant mwen tonton mwen epi avek granparanm yo pou selman yon wikenn, epi li vini nan yon dimanch. Men mwen te tandel tap pale nan telefon epi li di konsa lap mennen nou New York poun ka al we matant, mwen tonton m, avek tout granparanm yo tou. Epi nou te vin New York vre depi le a nou la.
  Premye Novanm 2011 te premye vwayaj mwen poul al New York City pou jis ka no jou mwen la. Men kounya nou tout vin New York kounya. Men mwen te malad, men nan 2 sou 3 semenn yo te mennenm lopital epi eseye pou yo fem yon operasyon, paske sonje mwen te frape le tranbleman de te an ki te pase an ayiti an, kouzenm nan tap eseye edem poum fe operasyon an poum te ka pipi nomal, paske blade mwen te kraze. Men nan menm nwit lan dokte mwen an di li pap ka fem operasyon an nan menm nwit lan, men lap pran yon ti tan pou yo ranjel. men kounya sak semenn mwen te konn al lopital poum ka al we dokte mwen an e doctem nan fe tout sal kapab poul te fe pipi nomal. Finalman apre 2 zan doktem nan fem operasyon an epi kounya li dim mwen ka pipi nomal.

  Apre mwen te soti Minnesota, apre yon mwa mwen te ale nan Junior High. Mwen te komanse lekol nan setyem ane fondamantal epi gradye nan uityem ane fondamantal, epi mwen te al nan yon lise ki rele “International High School at Lafayette” epi men kounya mwen nan dizyem ane. Men mwen te gen yon zanmi mwen te gen depi le mwen te uityem ane nou te nan menm clas, men nou tou le 2 te gradye ansanm epi nou al nan menm lise ansanm, nap fe menm clas men nou pa nan menm clas. denye fwa mwen te retounen an ayiti se te some 2014 ki te sot pase an la, mwen te jis ale vizite fanmim avek zanmim, men se te ti sem nan avem ki te ale, men nou te selman rete pou twa mwa epi nou te retounen New York poun te ka vin lekol, epi mwen pase yon bon tan lekol ane sa, men mwen ta swete mwen retounen anko poum ka al we fanmim yo anko.

1 comment:

  1. Good work you need to add more detail about how you feel in new york

    ReplyDelete

Please leave feedback or questions you may have!